« Kwonik yon Dayiva se moman pam! » Se pa pou san rezon se premye sa m di nan entwo kwonik lan. E kwonik sa se refleksyon ak lekti pam sou lavi ak kondisyon lavi fanm an patikilye. Tout sa ki fè m poze tèt mwen kesyon, poze moun kesyon. Tout sa ki fè m plonje nan liv ak dokimantè pou m konprann plis sosyete a ak moun li kale yo. Kwonik la se tout sa ki preyokipe m. Se blag mwen, istwa pèsonèl mwen.
Podchaser is the ultimate destination for podcast data, search, and discovery. Learn More