Podchaser Logo
Home
Ti Chèz Ba The Podcast

Ti Chèz Ba The Podcast

Ti Chèz Ba The Podcast

A daily Society and Culture podcast
Good podcast? Give it some love!
Ti Chèz Ba The Podcast

Ti Chèz Ba The Podcast

Ti Chèz Ba The Podcast

Episodes
Ti Chèz Ba The Podcast

Ti Chèz Ba The Podcast

Ti Chèz Ba The Podcast

A daily Society and Culture podcast
Good podcast? Give it some love!
Rate Podcast

Episodes of Ti Chèz Ba The Podcast

Mark All
Search Episodes...
Pandemi coronavirus la ap frape anpil peyi depi mwa desanm ane pase. Menm pi gwo pisans mondyal yo pa epanye pa efè maladi sa pote. Nan nouvo epizòd sila, Abèy yo te chita ak yon Doktè Nemològ, Joëlle Philogène.  Yo te brase lide sou Covi
Apre yon ti tan Abèy yo tounen !Yo te oblije pran yon poz nan koze anrejistreman pòdkas la poutèt pandemi coronavirus ki te fè ravaj nan monn antye a! Yo tounen ak yon epizòd trè pèsonèl!Yo te pwofite ba nou ti òpdet sou kijan yo te oblije
Nan yon nouvo epizòd Ti Chèz Ba The Podcast, abèy yo chita pale sou koze vyòl. Yo adrese koze a epi pwofite pale sou definisyon zak sila nan peyi isit ak lòtbodlo.Nan epizòd sa nou resevwa de envite:Marly ki se yon viktim vyòl ki te chwazi pa
Nan nouvo epizòd Ti Chèz Ba The Podcast sa a, Abèy yo te pale sou koze avòtman.Yo te chita analize kèk pèsepsyon ak move konsepsyon ki souvan genyen sou sijè avòtman nan sosyete nou an. Yo te pwofite pale tou sou metòd fanm itilize an Ayiti po
Nan nouvo epizòd odyo-vizyèl Ti Chèz Ba The Podcast la, Abèy yo te chita ak koup Ann-Sophie ak Jean Luc ki te rakonte nou eksperyans yo ak abstinans anvan maryaj an rapò a lafwa yo.Koup la te eksplike nou motivasyon yo dèye desizyon abstinans
Nan yon lòt epizòd Ti Chèz Ba The Podcast, Abèy yo te deside abòde sijè Vodou, yon sijè ki tabou anpil nan sosyete nou pou yon pakèt rezon.Pou ede medam yo sène gwo sijè sa a, yo te chita ak Mambo Sophia Fecu. Li te aksepte pataje moman sa a
Abèy yo te chita ak Semi ki se yon transjan k ap viv an Ayiti.Semi te rakonte eksperyans lavi li, kijan li adrese idantite jan li pa rapò ak oryantasyon seksyèl li epi tou kijan sa te ye pou li yon jèn fi nan tèt ki fèt yon ti gason nan kò l s
Abèy yo te chita pou eksplore kijan biznis nan peyi Dayiti fonksonye sitou pa rapò a konjonkti sosyopolitik peyi a ki souvan pa pèmèt antreprenè yo epanwi nèt. Medam yo te chita ak 2 antreprenè jèn k ap evolye nan kominote nou a.Pou gen difer
Nan premye epizòd sezon 2 a Abèy yo te chita pale sou koze pèsonèl domestik: sèvant, chofè, gason lakou, nani etc...Ansanm medam yo te eksplore pèsepsyon ki genyen sou metye sa yo epi te pataje opinyon pa yo sou ki jan sosyete a wè e apresye m
Pou klotire premye sezon an, Abèy yo te chwazi fè yon epizòd espesyal pou reponn a kesyon yo konn resevwa sou rezo sosyo yo. Yo te pwofite tou pou fè yon ti pale sou eksperyans yo ak pòdkas la, sou ki santiman yo genyen nan fen premye sezon a
Nan dènye epizòd pou sezon an, se sou sijè relijyon konvèsasyon an te chita, Abèy yo te envite Stanley Georges pou fon ti koze sou eksperyans pa li ak lafwa.Li te temwanye de kijan li viv relijyon li an Ayiti, kijan li te tounen do l bay pase
Epizòd Ti Chèz Ba The Podcast sa a adrese sijè Depresyon.Nan epizòd sa nou te resevwa CATHERINE, yon jèn fi 24 lane ki te vinn chita avèk nou pou pataje eksperyans li kòm yon moun ki soufri depresyon. Ansanm nou te dekouvri efè depresyon te g
Nan epizòd Ti Chèz Ba The Podcast sa a, medam yo te adrese sijè asèlman sou entènèt.Nan tan n ap viv yo, rezo sosyo nan sant aktivite jèn yo. Koze asèlman sou entènèt afekte anpil nan nou an Ayiti, yon peyi kote pa gen okenn paramèt legal pou
Nan epizòd 8 Ti Chèz Ba The Podcast, medam yo te chita pale ak Elder sou koze relasyon poliamourèz.Yo te dekouvri mòd relasyon sa yo, eksplore sans yo epitou kijan yo fonksyone. Elder, ki se yon jèn ki santi li poliamoure  te pran sanl repo
Nan epizòd sa a medam yo pale sou gwo fanm.Yo pale de pèsepsyon moun genyen sou fanm poutèt gwosè yo e kijan sa afekte yo nan lavi yo toulèjou.Yo resevwa Jinou, ki vinn pataje eksperyans pa l kòm yon gwo fanm ki pa t grandi nan peyi Dayiti
Nan sizyèm epizòd Ti Chèz Ba The Podcast la medam yo abòde sijè Fòkbòy.Kisa yon fòkbòy ye?Ki sa ki vle di yon gason se yon fòkbòy?Yo te chita avèk T-Lo, yon gason ki di li te yon fòkbòy kwake nan moman an li kite vi sa a.Msyeu te reponn
Epizòd sa se dezyèm pati sou kesyon seksyalite medam yo te eksplore deja ak Philippe.Fwa sa a yo chita ak Annie Azor, yon lezbyèn ki ap viv nan peyi Dayiti ansanm ak menaj li. Annie pataje eksperyans li kòm yon omoseksyèl nan sosyete a, epito
Nan katryèm epizòd Ti Chèz Ba The Podcast, medam yo abòde sijè relasyon. Yo pale de tout kalte relasyon e sa te rive mennen yo fè lyen ant relasyon an Ayiti ak klas sosyal.Nan epizòd sa tou, medam yo te reponn kèk kesyon yo resevwa sou rezo s
Nan dezyèm epizòd Ti Chèz Ba The Podcast medam yo adrese tèm estim nan tèt.Yo koze sou pratik moun fè sou kò tankou tatou, pèsing, eklèsisman po e latriye.Yo pale tou sou koze chiriji estetik e yo resevwa yon envite espesyal ki vinn pataje
Nan twazyèm epizòd Ti Chèz Ba The Podcast medam yo abòde koze sèks. Yo dekri kijan yo menm jèn viv seksyalite an Ayiti depi lè y ap grandi rive jouk kounyen an.Yo resevwa yon envite espesyal, Philippe, ki se yon jèn gason biseksyèl ki vinn ch
Premye epizòd sa te yon okazyon pou nou prezante tèt nou bay piblik la, bay tout moun chans aprann konnen kiyès nou chak ye, kijan nou fè vinn byen ak kisa ki te fè nou vinn ak lide pou nou fè pòdkas la.Nou adrese tou kèk prejije ki genyen ko
Rate

Join Podchaser to...

  • Rate podcasts and episodes
  • Follow podcasts and creators
  • Create podcast and episode lists
  • & much more

Unlock more with Podchaser Pro

  • Audience Insights
  • Contact Information
  • Demographics
  • Charts
  • Sponsor History
  • and More!
Pro Features