Eske w vle vini lib ? Depi lontan libète gen yon pri. Se pa paske w vle vini lib ki fè chènn yo ap kase. Pou sa rive fèt fòk ou dakò peye pri an. Batay san relach, pa abandone, pa pè riske menmsi tout moun kont ou.
Pou kapab vini lib, li enpòtan pou konnen konnen ki kote w sòti, ki kote w vle rive, epi konnen kiyès k ap ede w rive kote w vize an. Se pou sa nan Vini Lib w ap jwenn ribrik sou dwa, sou istwa, sou tradisyon nou yo, sou biznis ak sou finans.
Pou n arive konstwi Ayiti nou reve an, li enpòtan pou Vin Lib. Pou sa rive fèt revolisyon an dwe kòmanse ak ou !
Podchaser is the ultimate destination for podcast data, search, and discovery. Learn More